top of page

Creole

 

Reponn ak bezwen moun ki gen Alzayme ak maladi ki gen rapò ak tout kalite dementia

 

Yon plas espesyal kote yo akeyi tout moun

 

Pou plis ke 30 ane, New York Memory Center se yon nan mouvman pou l pote solisyon ki baze sou prèv nan kay ak kominote ki gen yon enpak pozitif nan lavi adilt ki gen pwoblèm memwa ansanm avèk moun ka p pran swen yo. Na p demare ak etabli nòm klere swen ak sipò. Nou bezwen pi bon swen pou moun ki gen pwoblèm memwa, e nou trè serye sou sa.

 

Genyen lavi apre dyagnostik la, e manm eksklizif vle di aksè entegral nan pwogram aktif ki konsantre sou sipòte kapasite yon moun konsève, enkli, sikolojik, sosyal, entelektyèl, ak domèn fizik sante ak byennèt. Pwogram nou an deziyen pou l konsève endepans fonksyonèl redwi ajitasyon, amelyore sentòm konpòtman ki gen rapò avèk maladi, redwi oswa elimine depresyon, limite eksè andikap, ak redwi epwizman Moun ka p Bay Swen yo.

 

Nou non sèlman ofri sèl pwogram Brooklyn genyen ki adapte pou moun ki fèk gen dyagnostik premye etap maladi Alzayme ak dementia ki gen rapò avèk li, men nou ofri tou yon pwogram varye ki koyenside avèk pwogresyon maladi a.

 

Menm si ou gen 50 ane e ou fèk gen dyagostik la, oswa ou nan etap mwayen oswa avanse, oswa ou yon kote nan mitan, ou byenveni nan New York Memory Center.

 

Yon refij pou fanmi ki nan bezwen yo

 

Memory Life Services ofri yon etalaj sèvis fizik, mantal, ak entelektyèl ki apwopriye pou moun ki nan etap mwayen ak avanse maladi Alzayme. Pandan maladi a ap pwogrese, pwogram nou an ofri yon pwogram byennèt sipèvize ak sipòte ki se yon refij pou moum ka p lite ak Alzayme e ki bezwen yon refij chak jou pou moun ka p pran swen yo.

 

Memory Life Services ofri:

 

  • Fe ale retou nan pi fò katye Brooklyn, autobus nou aksesib a chèz woulant,

  • Pwogram Art Tematik ki ka ede moun avek memwa yo (Metòd TTAP)

  • Egzèsis ak terapy sansoryèl

  • Travay nan gwoup pou ede memwa ou

  • Nan Manten on dejene lejè ak manje nan aprè midi

  • Asistans avèk mache, twalèt, nou prepare et nou bay manje

  • Kominikasyon sosyal avèk anplwaye yo, manm klib ak volontè yo

 

Service pou Manm

 

Si ou te gen dyagnostik premye etap maladi Alzayme oswa maladi ki gen rapò avèk li, ou pa pou kontougenyen yon plas pou ou!

 

Lotus Club la ofri:

  • Transpòtasyon eskòte ale-retou soti lakay ale nan pi fò katye Brooklyn yo

  • Yon dejene lejè ak dine nan aprè midi

  • Klas fòmasyon entelektyèl an gwoup ak òdinatè youn-ak-youn

  • Art, mizik, dans, yoga, meditasyon, pwezi, egzèsis, klas rekreyasyon ki ka geri, ak plis ankò

  • Gwoup sipò Kamarad

  • Sòti kominotè espesyal

  • Opòtinite pou angaje nan pwojè kominote ki avantaje lòt moun

 

Entwodwi nouvo èdtan pwolonje aswè

 

Nou kontan pou nou ofri w kounye a lè siplemantè pou adilt ki gen maladi Alzayme ak lòt fòm pèt memwa. Pran avantaj nouvo sèvis sa a: Lendi a Vandredi, 2 pm to 7 pm.

 

Pwogram Aswè a gen:

 

  • Manje nan fason ki bon pou sante ou (Mediterranean)

  • Transpòtasyon nan pi fò zòn nan Brooklyn

  • Sosyalizasyon ak sipò kamarad

  • Aktivite ki ka geri: egzèsis, art ak mizik

  • Class computer pou ede avek memwa

  • Tan pou repose pan dan nou ka p bay moun ak maladi a swen

 

Nou envite w pou w detann ou avèk moun ou renmen yo

 

Memory Arts Café se yon seri evènman kiltirèl gratis pou moun ki gen maladi Alzayme oswa dementia, moun ka p pran swen yo ak piblik la.

 

Café a ko-pwodwi pa New York Memory Center ak Pwojè Pwezi Alzayme e li prezante atis envite tankou mizisyen, powèt ak dansè. Li enfòmasyon sou Café a nan revi Alzayme’s Foundation of America, Care ADvantage, Ivè 2013.

 

Chak evènman Café yo gratis e yo ouvri pou piblik la. Tanpri vin patisipe avèk nou pwochèn fwa - wa p byen kontan ou te fè sa!

 

Rekonesans

 

Nou se youn pami kèk nan pwogram eta a ki toujou ap resevwa finansman ki dedye pou Alzayme atravè New York State Office for the Aging. Yo te rekonèt nou avèk prim sa yo:

 

  • Pi bon Founisè swen Alontèm Etazini, Gilbert Guide

  • Prim Sèvis Founisè Eksepsyonèl, Asosyasyon Alzayme Long Island

  • Prim Pwogram Sekirite, Asirans Santral NYC

  • Prim Pwojè Amelyore, Depatman pou granmoun Aje NYC

  • Prim Pwogram Entègenerasyonèl, Biwo New York State pou Granmoun

  • Sant Nasyonal pa Ekselans, Fondasyon Alzayme Etazini

 

Pèsonèl nou an

 

Pèsonèl pwogram New York Memory Center yo antrene ak sètifye kòm yon Pwofesyonèl ki Kalifye nan Swen Demans atravè Alzayme’s Foundation of America. Ansanm, ekip nou an gen plis pase 50 ane eksperyans nan bay sèvis sipò Alzayme.

 

Transpòtasyon ak Repa

 

Pwogram “la lakay nou se pou o.” Les maten nou sèvi kafe, ak yon plan bonjan dejene chak jou nan fason-Mediterranean. Yo kapab prepare rejim espesyal pou ou mwem (kosher). Pwofesyonèl nou yo, ak eksperyans pèsonèl nou yo ofri yon anviwonman pèsonèl, Nou baye atansyon pou tout fèt (nesans).

 

New York Memory Center bay transpòtasyon ale retou, enkli chèz woulant ki aksesib, nan pi fò nan katye Brooklyn yo.

 

Frè Manm

 

Sèvis nou yo pa gratis, ou kapab peye an prive, pa Medicaid, Long Term Care Insurance, short-term scholarships, ak opsyon Swen Kontwole. Tapri relke nou pou w diskite plizyè lòt opsyon ki ka disponib pou ou ak moun ou renmen yo.

 

Yon Kominote ki nan yon Kominote

 

Sipò moun ka p bay swen se pi gwo angajman nou genyen anvè ou. Kòm yon patnè nan swen w, nou kwè ke sipò Moun ka p bay swen ak aksyon yo dwe chanje pou kontrekare maladi a. Petèt wa p jere yon model konpòtman ki difisil, wa p poze tèt ou kesyon sou efikasite medikaman aktyèl yo, konsidere pran swen lakay, oswa gen enkyetid sekirite sou kay ou.

 

Lidè swen demans nou an pral:

 

  • Devlope yon plan endividyèl ki deziyen pou satisfè bezwen w yo, ansanm avèk kolaborasyon founisè ki respekte nan katye a, pral konekte avèk ekspè ka p dirije yo pou asire ke ou toujou resevwa swen ki pratik, ki ka mezire, e ki k

  • Travay avèk ou, founisè swen ou deja genyen an, ak lòt espesyalis enpòtan ki asire ke ou resevwa swen ki reponn ak dinamik pou dementia

  • Sipò youn-ak-youn ak swem antrenè

  • Ofri yon gwoup sipò moun ka p bay swen chak mwa 

  • Bay yon ekip travay sosyal ki pou adrese pwoblèm ka p vini yo

  • Bay opinyon lè li nesesè pou ede deside ki entèvan syon ki pi apwopriye, a ki lè, ak ede w evalye bezwen yo pandan bagay yo ap chanje a

 

Goup Sipò Moun ka p bay swen

 

Pou moun ka p pran swen moun ki gen Alzayme ak lòt fòm dementia.

 

1e ak 3yèm Mèkredi yo; 6:30 pm

Gratis • Ya p sèvi ti rafrechisman

 

Gwoup sipò yo enpòtan pou moun ka p bay swen yo - manm fanmi yo, zanmi, oswa moun ka p ede – pou jwenn ak pataje enfòmasyon, bay ak resevwa sipò mityèl, ak echanj estrateji adaptasyon nan relasyon ak pran swen yon moun ki pèdi memwa. Lidè ki resevwa fòmasyon yo ede manm yo aprann nouvo fason pou yo fè fas ak pwoblèm yo.

 

Finanse patyèlman pa:

New York State Office for the Aging

New York State Department of Health

New York City Department for the Aging

bottom of page